Let's Make It Work Songtext

Klass

von Fè'l Ak Tout Kè'w

Let's Make It Work Songtext
[Intro]
Lè w gen on lanmou k pati paske w t ap fè l soufri
Pa di w pa gen chans oh
Se tout moun ki vle viv, tout moun bezwen on refuge
Bezwen asurans yo

[Verse 1]
Li lè li tan pou lavi mwen chanje
Sa fè lontan lontan de je m avegle
Eske m ka chwazi pou mwen bay san resevwa
Mwen jwe a lenbesil menm pap ka fè tout dèfwa
Si ou gen konsyans ou ka wè m pèdi pasyans
M fè twòp konpwomi zantray mwen ap febli
Se tout moun ki wè li janm bay tan m, jan m envesti
Eske m ka chwazi bay tout sa m genyen
Pandan m pap jwenn anyen

[Horns]
Lavièj kote w ye
Se ou k wè tout efò m fè

[kè]
Si jodya lanmou nou nan koma oh oh
Doudou mwen nou toulède koz sa
I still want you, I'm so in love with you oh oh
We have too much to lose, let's make it work

[Verse 2]
Lenmi m, zanmi m, menm fanmi m ak veye m
Pou wè kilè m pral dezète, kilè nou pral abandone Mwen menm avèw gen on defi pou n leve
Lè m fè sak bon fòw apresye l
M pa vle pèson vin di m ke m te mal kalkile

[Kè]

[Verse 3]
M gen enpresyon ke le temps fèw konplezant
Ou pran feblès mwen pou aki, ou neglije m ou fè m soufri
Mwen menm avèw gen on defi pou n leve
Lè m fè efò fòw apresye l
M pa vle pèson vin di mwen ke m te mal kalkile

[Horns]
Baby le's make it work

[Keyboard]
Woy woy woy cherie men Pipo wi
Bruno, kenbe cheri a
Cheri ou sonje jan w te konn love m, I miss that
Nou pa layi nou pa laya, men konpa
Oh oh oh oh

Pa bezwen remonte le temps, on connait deja les raisons
On lanmou ki te tankou yon flanm dife
Li tounen sann pou w voye jete
Cheri fòw pa bliye ou te sèmante douvan on sosyete
Mwen ta renmen lavi nou chanje men sa m ta pwopoze w

Yon ti bo le matin manman - Cheri wi se pral sa nèt
On ti priz tanzantan cheri mwen - Cheri wi se pral sa nèt
Jou n ta priyorize relasyon n - wi se pral sa nèt
Jou n ta tounen kòm avan - Cheri wi se pral sa nèt
Lè n te tankou de timoun fou

Pa bezwen remonte le temps, on connait deja les raisons
On lanmou ki te tankou yon flanm dife
Li tounen sann pou w voye jete
Cheri fòw pa bliye out e sèmante douvan on sosyete
Mwen ta renmen lavi nou chanje

Nou pa layi nou laya

[Keyboard]
Oh oh oh oh
Tobo zanmi m
Lèse l ale

[Horns]
Don't wanna cry no more, we can be like before
My love, let's find a way to make it work

(Merci à Max Engels pour cettes paroles)