Lajan Sere Songtext

Klass

von Fè'l Ak Tout Kè'w

Lajan Sere Songtext
[Verse 1]
Mwen louvri yon paj nan liv sakre w la
Pa ka fèmen l pakse m wè twòp deja
Se nou ki konn sa n pral fè ak sa
Mwen gentan anpwazonnen
Tout san mwen kontamine
Ou gentan wè sa k rive
[Verse 2]
Ou di pou ki se ou k tonbe anba
An plis ou di m lavi m chaje avèk dram
Men lè n fè lanmou, ou di m li toujou gou (li toujou gou doudou)
Gen lontan m pa enpresyone
Li pa fasil pou kè m kase
W annik vini, ou tounen nesesite
[Chorus]
Cheri w se tout sa m t ap chèche
Tout sa m te manke
Yon priyè ki egzose
Ou tankou yon lajan k sere ke m te m fin bliye
Sanzatann m al twouve
[Verse 3]
Ou pa gen anpil tan, poutan se kòmsi n te ansanm tout tan
Nou youn toujou ka fè kè lòt kontan
Se s ak fè aprezan li pa deranje m lè yo di m twò inosan
Sè l mwen ki konn pou ki rezon
[Chorus]
[Verse 4]
Si m wè m ap bat kò m devan w
Si tout fwa w wè m aji k on ti pantan
Li pa nan tanperaman m pou m fè pedan Pa fè pwomès tout tan, men tan m avèk tan w vo plis ke dyaman baby
Mwen ak ou fè lesyèl kontan woy
[Keyboard solo]
Oh oh oh
Men sa s on ben lanmou
Cheri kenbe m, kenbe m kenbe m
Klass it is baby, yes it is baby
[Hook]
Yo di pa gen lanmou ankò ankò
Mwen menm avè w nou pa dakò dakò
Men ki mele m avè yo
Yo di pa gen lanmou ankò ankò
Di sa pa gade nou
Mwen menm avè w nou pa dakò dakò
Woyoyoy
[Verse 5]
Wi alèkile, vrè lanmou ra pou twouve
Se enterè moun yo ap jere
Yo bliye l s on bagay ki sakre
Jou mwen avè w sèmante, se sou nou lanmou pral konte
Nou pral egzanp limanite ye anye anye
Doudou vini mwen ba w siwo
[Hook]
Yo di pa gen lanmou ankò ankò
Men sa pa gade nou
Mwen menm avè w nou pa dakò dakò
Sa nou ba yo pote?
Yo di pa gen lanmou ankò ankò
Mwen menm avè w nou pa dakò dakò
[Verse 5]
[Keyboard solo]
Castel Leroi, lekòl la pap ret ban vid tande
Sa k poko enskri kouri
Men sa s on sen sakreman
Ou la la la la
Wo…

(Merci à FRANCKY pour cettes paroles)