Vayb

Ou Pa Nan Plas Mwen
Ou pa nan plas mwen Pa konn pwoblèm mwen Ou pa andan mwen Pa konn doulè mwen Pa kwè w te janm reyalize Tout sa m t ap andire pou relasyon nou te mache Pa kwè w te pran tan w pou panse Pou te analize nan vi w sa m te reprezante Cheri m te toujou vle pou m fè w plezi Depi m wè w ap souri, zafè m pito soufri Pou pa mouye, m konn sèvi w parapli San dra m pito dòmi pou ka byen kouvri Ou pa nan plas mwen Pa konn pwoblèm mwen Ou pa andan mwen Pa konn doulè mwen Pwoblèm lavi vi n ap kale m Tout tan l ap sabote m Pa g on kote pou m abrite m Olye pou ou ta sipote m Ou kontinye ap egzije m Lè wè m pa kapab ou demake m Nan pi vye tan nan lavi m ou ban m do SongtexteW ap ban m tout vye defo Santi m pran yon gwo so M pa ka reponn ak egzijans ou yo Kounya w ap di m pa t vo Repwòch tounen kado Mwen pa t jan m genyen w Se ou k te genyen m Avè w m tap prepare Mwen panse n te ka g on demen Ou ogmante chagren m Ou p at jan m renmen m Lè se mwen k malad, men pouki se ou ki al kay medsen O o o o Cheri o o Cheri w pap janm santi doulè mwen Mwen pap janm bliye Eksperyans mwen avè w se yon gwo leson Nan yon pwochen relasyon, m ap aji yon lòt fason M pap fè yon lòt sibi tout bagay ou te fè m Men m ap pran prekosyon ak moun ke m ap bay kè m Lè yo mande w pou mwen Ou pa janm bay verite Se mal ou plis pale, chita voye monte Mwen se pi vye bagay, pa gen okenn bonte Pouki se pou pi bon w ap eseye pase Eksperyans mwen avè w se yon gwo leson Nan yon pwochen relasyon, m ap aji yon lòt fason M pap fè yon lòt sibi tout bagay ou te fè m Men m ap pran prekosyon ak moun ke m ap bay kè m Èske se la wonte k ap fè ou depale Mwen vin konn janm pa t bon, se jis lè nou kite Menm lè manje w pa t gou, m pa t janm di li sale Pa kritike m k ap vayb, lè kay ou pa bale O o o o Cheri w pap janm santi doulè mwen Cheri ou pa nan plas mwen Ou pa nan plas mwen Pa konn pwoblèm mwen Ou pa andan mwen Pa konn doulè mwen Aus Songtexte Mania