Klass

Lajan Sere
[Verse 1] Mwen louvri yon paj nan liv sakre w la Pa ka fèmen l pakse m wè twòp deja Se nou ki konn sa n pral fè ak sa Mwen gentan anpwazonnen Tout san mwen kontamine Ou gentan wè sa k rive [Verse 2] Ou di pou ki se ou k tonbe anba An plis ou di m lavi m chaje avèk dram Men lè n fè lanmou, ou di m li toujou gou (li toujou gou doudou) Gen lontan m pa enpresyone Li pa fasil pou kè m kase W annik vini, ou tounen nesesite [Chorus] Cheri w se tout sa m t ap chèche Tout sa m te manke Yon priyè ki egzose Ou tankou yon lajan k sere ke m te m fin bliye Sanzatann m al twouve [Verse 3] Ou pa gen anpil tan, poutan se kòmsi n te ansanm tout tan Nou youn toujou ka fè kè lòt kontan Se s ak fè aprezan li pa deranje m lè yo di m twò inosan Sè l mwen ki konn pou ki rezon [Chorus] Songtexte[Verse 4] Si m wè m ap bat kò m devan w Si tout fwa w wè m aji k on ti pantan Li pa nan tanperaman m pou m fè pedan Pa fè pwomès tout tan, men tan m avèk tan w vo plis ke dyaman baby Mwen ak ou fè lesyèl kontan woy [Keyboard solo] Oh oh oh Men sa s on ben lanmou Cheri kenbe m, kenbe m kenbe m Klass it is baby, yes it is baby [Hook] Yo di pa gen lanmou ankò ankò Mwen menm avè w nou pa dakò dakò Men ki mele m avè yo Yo di pa gen lanmou ankò ankò Di sa pa gade nou Mwen menm avè w nou pa dakò dakò Woyoyoy [Verse 5] Wi alèkile, vrè lanmou ra pou twouve Se enterè moun yo ap jere Yo bliye l s on bagay ki sakre Jou mwen avè w sèmante, se sou nou lanmou pral konte Nou pral egzanp limanite ye anye anye Doudou vini mwen ba w siwo [Hook] Yo di pa gen lanmou ankò ankò Men sa pa gade nou Mwen menm avè w nou pa dakò dakò Sa nou ba yo pote? Yo di pa gen lanmou ankò ankò Mwen menm avè w nou pa dakò dakò [Verse 5] [Keyboard solo] Castel Leroi, lekòl la pap ret ban vid tande Sa k poko enskri kouri Men sa s on sen sakreman Ou la la la la Wo… (Merci à FRANCKY pour cettes paroles) Aus Songtexte Mania