Klass

Anmwe Sekou
[Intro] Klass fò m pale mezanmi Yepa [Verse 1] Tèlman m obsede ak pwobèm peyi mwen Mwen pa kapab fèmen je mwen Soulye a gendwa pa vle di nou, men l konn lè on chosèt gen twou Nou konfonn neglijans ak aksidan Nou tankou on pakèt ti bèt kouran Maladi peyi m pa ka pi grav, paske pi mal se kadav [Hook] Anmwe anmwe wo, pou enterè pwòp frè n ap detwi nou Bondye, Bondye wo, papa ou se sèl doktè ki ka geri nou [Verse 2] Pouki n ap fòse fè pèp la di viv kounya Lè n konnen l pral di aba pita Li fè m mal lè n kouri pou lapli se nan lanmè nou blayi Pa bezwen konn kiyes ki prezidan depi yo vote l legalman Mwen bouke wè mayòk kap rache, pou yon pi mal ranplase [Hook] Pipo kòman w ye – N ap gade san pran sa kap pran san gade Adje frè – se vre wi Ritchie Pwovèb la pale – Ayisyen tande Nou gen posiblite chanje Se bòn volonte nou manke – kot ti sa n pa ka fè la [Verse 3] SongtexteAdje, si w konnen l pa bon pou zwa, pa di li bon pou kana Si n ap rele chen papa pou zo, di li te kraze wo Kay ap bati nan ravin tankou pye bwa k san rasin Si yon lòt seyis pase, dega yo pral repete Paske nou pa janm pare [Hook 2] Pran sans nou, Anmwe sekou, n ap pèdi eskanp figi nou [Verse 4] Nou bezwen yon lòt Toussaint, yon Dessalin t ap fè n byen woy Devan radiyès Dominiken, yo ta ede n goumen Tout sa k fè nou parèt gran, se nan listwa nou yo ye Nou bezwen lidè vanyan ki pap preche n reziye n Ki gen kouraj ak dinyite [Hook 2] Pran sans nou, Anmwe sekou, n ap pèdi eskanp figi nou (Si maladi n pi grav nou pral kadav) [Horns] K L A S S , klass Manman (3x) [Keyboard] JP fè travay ou Rapidite - sa li ye Se nan Klass la tout pawòl pale Wi se nan Klass la tout pawòl pale [Hook 2] [Horns] Si n pa parèt ansanm nou pral disparèt ansanm wi mezanmi, hehey Al medite sou sa (Merci à Bensy-Nove pour cettes paroles) Aus Songtexte Mania