Klass

M'ap Marye
Papi pa di m ou bliye Mati ou di m ou te pase Lè ou ak manmanm te fèk rankontre Se paske w te kenbe jodya m ekziste Pouki ou vle pou pitit ou eritye Mizè ou te andire, se pa sa l ta dwe ye Se li mwen vle, benediksyon ou konte Men si w pa aksepte, m ap oblije marye M ap marye, oh m ap marye avè l Li respekte fanmi l, nan li mwen wè lavi m M ap marye, oh m ap marye avè l M pa mande pèmisyon, m ap chèche benediksyon Manmi ou di m ou pa vle wè l Ou di m san w pa ale avè l Sonje se mwen ki pral viv avèl Li fè lavi m pi bèl ohh Pouki ou vle pou pitit ou eritye Mizè ou te andire, se pa sa l ta dwe ye Se li mwen vle, benediksyon ou konte Men si w pa aksepte, m ap oblije marye M ap marye, oh m ap marye avè l SongtexteLi respekte fanmi l, nan li mwen wè lavi m M ap marye, oh m ap marye avè l M pa mande pèmisyon, m ap chèche benediksyon Woy, woy konpa Pipo tout jan tout tan Woy, woy Wouch, oh letènèl Lalalalalala Eske nelson patisserie plòtonnen Mamni tande – ya oh Sa se pitit ou kap pale – ya ya oh Mwen toujou fè sa w vle men fwa sa ou dwe sipòte m – ya ya oh Papi tanpri – ya oh M konnen w pa ta vle m soufri – ya ya oh Men ou pa ka fè santiman m, se li menm ki tout kè kontan m Manmi ou se tèt chapo mwen ba ou, fò w mete l Nou pa ka chwazi pou mwen, je suis plus un garmin Papi ou se tèt chapo mwen ba ou, fò w mete l Nou toulède gradye profesyonèl nou ye Cheri pa enkyete w, m gen kontwòl tout bagay K L A S S, klass Konpa, konpa Sa son w brezo Woy woy, yo mele Yaya fly Woy woy, yo mele Klass it is baby, yes it is baby Moskino Bon nou pral bay on ti apèsu sou bal la wi, tande sa Gen sa k gen tèt ki pa gen kò Gen sa k gen kò ki pa gen tèt Nou menm djaz sa nou gen tèt nou gen kò, depose konpa Se se se, ay, men konpa Manmi ou se tèt chapo mwen ba ou, fò w mete l Si nou konnen nou byen eduke m, pouki nou gen dout sou chwa m ap fè Papi ou se tèt chapo mwen ba ou, fò w mete l Aus Songtexte Mania